Yon sware pwezi pou valorize lang ak kilti kreyòl.
Valorizasyon lang lan pran jarèt nan sa kotidyen yo ap pote nan oralite e ke ekriven yo charye nan liv pou lè zòt ki pa gen chans kontre nan menm bitasyon,
Nan okazyon 6e edisyon Festiteyatkreyòl la, powèt ak dizè yo kase randevou pou al mete lang ak kilti kreyòl la an valè.
Powèt Andre Fouad ap pwofite okazyon saa pou siyen dènye tit li yo ak tout sila yo ki enterese.
Konpayi Teyat Kreyòl ap rasire tout moun k ap la ke animasyon sware saa ap rich e bèl.